IZOLASYON
Pandan Yap trete pitit ou a, li kapab se nan klinik ekstèn, oswa pandan timoun nan entène nan lopital, ou ka tande mo sa «izolasyon»; Sa vle di ke yo itilize diferan mezi prevantif nan swen yo.
Mezi prekosyonèl yo oswa izolasyon vize pou anpeche transmisyon mikwo-òganis ki rezistan ak antibyotik kay timoun yo, epi ant timoun yo ak travayè swen sante yo, e pa mwayen sa anpeche enfeksyon gaye nan kò a.
Tou depann de ki mwayen transmisyon mikwo òganis ou vle evite a, genyen yon kalite izolasyon oswa prekosyon ke ekip sante sant PINDA a pral itize. Atan nap vanse, nou pral eksplike an detay chak nan mezi sa yo
Mande enfimyè nan sant PINDA kote ou ye a si li nesesè pou ou itilize kék nan mezi pwotekson sa yo.
Izolasyon kontak
Rezon ki fè ke yo itilize kalite izolasyon sa, se pou anpeche pwopagasyon mikwo-òganis ki transmèt pa kontak dirèk (po, men nan pèsonèl swen sante yo) oswa avèk sifas ki kontamine.
Min ki prekosyon pou nou pran nan ka sa :
• Lave men
• Itilize gan ak blouz lè nap pran swen timoun nan.
• Atik swen pèsonèl (tansyomèt, tèmomèt, stetoskop, monitè, elatriye)
• Netwayaj sifas nap itilize yo
Izolasyon goutlèt
Sa a se kalite izolasyon ke yo itilize pou mikwo-òganis ki gen kapasite pou transmèt pa mwayen touse, etènye oswa krache; Patikil sa yo ka ale jiska yon mèt distans kote timoun nan ye a.
Prekosyon pou pran :
• Lave men
• Minimòm separasyon yo dwe yon distans mèt ant inite pasyan yo
• Mask, blouz, gan lè wap pran swen timoun nan
• Atik swen pèsonèl tansyomét, tèmomèt, stetoskop)
• Mask lè timoun nan transfere nan lòt sal oswa sèvis nan sant sante a.
Izolasyon ayeryen
Yo itilize kalite izolasyon sa pou anpeche pwopagasyon mikwo-òganis nan lè a.
Prekosyon yo se :
• Chanm pèsonèl avèk pòt ki fèmen
• Mask ak filtè espesyal
• Lave men