HISTWA PINDA

Nan dizan ki sot pase yo,  pwogrè nan lamedsin  ak kondisyon sanitè nan peyi Chili fè ke enfeksyon kòm yon kòz maladi ak lanmò kay timoun yo te diminye. Se konsa ke, depi nan kòmansman  ane 1980 yo nan Chili, ak nan anpil lòt peyi, kansè timoun vin enpòtan.

Nan ane 1960 – 1970,  tretman ki pi itilize yo  se te operasyon ak radyoterapi pou timè solid ; epi  nan mitan ane 70  yo,  Dr Donald Pinkel pwouve ke chimyoterapi pèmèt yo geri timoun ki gen ou tip kansè nan san ki rele lesemi linfoblastik .

Nou te kapab wè devlopman sa tou nan peyi Chili, kote  chirijyen yo te trete timè ak espesyalis maladi nan san ki rele ematolojis trete lesemi. Kòm maladi sa a ra anpil kay timoun yo, espesyalis ki soti nan senk Inite onkoloji pedyatrik te rankontre an 1978: lopital Roberto del Río, San Juan de Dios, Exequiel González Cortés ak Sótero del Río Lopital, lopital Gustavo Fricke nan Viña del mar ; gwoup sa a te rele GOPECH (Grupo Oncológico Pediátrico Chileno). Objektif la se te amelyore etid la ak tretman nan kansè kay timoun lè yo sèvi avèk pwotokòl komen ki baze sou eksperyans entènasyonal, etabli kontak epi montre sosyete syantifik yo ak Ministè Sante Piblik ke yo bezwen  sipò pou tretman sa yo.

Nou te kapab wè pwogrè nan lamedsin lan kay granmoun yo tou epi Kansè te idantifye kòm yon pwoblèm Sante Piblik, se pou sa nan lane 1987, Ministè Sante Piblik  devlope Nòm pou Jesyon Kansè nan Chili. An 1988, Pwogram Dwòg Antineoplazik pou granmoun (PANDA nan lang panyòl ) ak Timoun (PINDA nan lang panyòl ) te kreye epi bay finansman pou chimyoterapi pou kansè kay timoun. Sa se yon etap enpòtan pou devlopman  onkoloji pedyatrik nan sistèm sante piblik la nan Chili e li te pèmèt kounye a ke 100% timoun ki soufri kansè kapab jwen swen , yo kapab benefisyè sistèm sante piblik la epi yo trete avèk bonjan pwotokòl nan tout peyi a.

Sa nou fè

  • Kantite timoun ki mouri ak kansè diminye anpil, nou jwenn rezilta ki sanble ak sant ekselans aletranje.
  • Entegrasyon «kansè kay timoun ki poko gen 15 zan » nan sistèm finansman GES / AUGE.
  • Devlopman ou inite nasyonal pou timoun ak yon pwogram transplantasyon selil souch ematopoyetik oswa sa ke yo rele «transplantasyon mwèl » ki reyalize pa yon gwoup ekspè nan lopital Luis Calvo Mackenna  (HLCM).
  • Patisipasyon kòm yon pwogram onkoloji pedyatrik ak gwoup onkoloji entènasyonal pedyatrik yo ki pèmèt fasilite kominikasyon , rezilta ak avanse tou, konsa kowòdone nouvo metòd ki ka geri epi fasilite rechèch. Se fason sa Pwogram Nasyonal Kansè Timoun te jwe yon wòl fondamantal nan diminye pousantaj lanmò lè li aplike pi bon pwotokòl tretman  ke peyi etranje nan Ewòp ak Etazini yo itilize.
  • Bèlen, Frankfurt, Minik. Gwoup koperativ BFM,St Jude Children’s Research Hospital, Pwogram Entènasyonal Outreach.
  • Gwoup Onkoloji Pedyatrik Amerik Latin nan, GALOP.
  • Gwoup onkoloji kansè, COG
  • Ewopeyen Sarcoma Group
  • Asosyasyon Amerik Latin nan pou swen palyatif
  • Sosyete entènasyonal nan onkoloji pedyatrik, SIOP.
    •