KISA KI KANSÈ KAY TIMOUN ?
Kansè se yon gwoup maladi ki gen an komen prezans selil maliy (maligne), ki gen ou kwasans san kontwòl sa vle di ki kapab ale lòt kote nan kò a ki bay siy ak sentòm ki pa espesifik nan chak kalite kansè.
Pou konprann li pi byen, imajine ke kò imen an se yon machin ki gen fonksyon diferan, tankou respire, deplase, wè, koute, men pou akonpli yo gen diferan motè ki dwe travay byen, sa yo se ògàn yo, tankou vant, poumon yo, lestomak, yo fòme ak ou pakèt selil.
Depi nan orijin yo , selil sa yo diferansye yo fòme ògàn, pa egzanp selil cheve, selil je, elatriye.
Selil yo se pi piti bagay ki egziste nan kò a, epi yo gen yon sik lavi tou ki sanble ak pa moun, yo fèt, yo grandi, yo miltipliye, yo divize epi yo mouri.
Nan kèk pwen nan sik sa a, kèk selil ka pèdi bon kapasite pou yo grandi epi devlope nan yon move fason , sa ki lakòz maladi kansè.

Diferans ant kansè kay timoun ak kansè kay granmoun
Tip kansè
Timoun ki poko gen 15 lane , plis devlope maladi lesemi, lenfom ak lòt kalite kansè; granmoun gen plis kansè nan tete ak kansè nan pwostat.
Kwasans
Kansè mache pi vit kay timoun ke kay granmoun.
Tretman
Timoun yo adapte pi byen ak tretman kansè.
Atant
Chans pou geri kansè kay timoun yo pi gran pase kay granmoun, tou depann de ki kalite kansè ke yo genyen.