KÒZ KANSÈ

Li enpòtan pou nou sonje, kontrèman ak kansè kay granmoun, kansè kay timoun rive soti nan yon chanjman nan matirite selil malad yo , kidonk nou pa ka pale de prevansyon nan kansè kay timoun.

Gèn kèk faktè ekstèn oswa nan anviwònman an ki asosye avèk kansè.

Kay granmoun, selil yo ka transfòme pa faktè tankou rejim alimantè, alkòl, sigarèt,  lè yo manke   pwotèje tèt yo kont solèy la, elatriye . Nan gwoup sa a nou ka pale sou prevansyon kansè.

Chak fwa nou aprann sou kansè timoun, nou poze tèt nou anpil kesyon tankou poukisa li gen kansè ?

Kansè parèt nan yon kò ki te an sante. Nou kapab rete tèt frèt paske se pa yon pinisyon,  li pa yon maladi atrapan nou vle di yon moun pa kapab bay yon lòt moun li, li pa depan de aksyon paran timoun nan oubyen moun ki okipe timoun nan , de manje timoun nan, ni emosyon, li pa depan de edikasyon oswa estil vi nan chak gwoup fanmi, kidonk li pa yon maladi ke ou kapab evite.

 

Factores que se asocian al cancer infantil

Sendwòm Dawn

 

Timoun ki gen sendwòm Dawn gen plis pwobabilite pou yo gen lesemi (Kansè nan san)

Radyasyon ki soti nan bonm nikleyè

 

Istorikman, save yo  montre ke moun ki ekspoze ak kalite radyasyon sa gen yon pi gwo pwobabilite pou  yo devlope kansè. 

Radyasyon iyonizan

Sòm radyasyon iyonizan nan egzamen  tankou eskanè  ka aji kòm yon faktè predispozan a la lon.

Asosyasyon maladi

Asosyasyon nan maladi ki akonpaye timoun yo lè ya grandi tankou , emyipètrofi (ou bò kò ki pi gwo pase lòt bò kò an).