Lave men
Men yo se prinsipal mwayen ke viris ak bakteri yo kapab propaje, paske ou jwenn yo anpil nan materyèl, nan sifas epi nan moun. Lave men se fason ki pi enpòtan ak pi fasil pou anpeche enfeksyon.
Bon ijyèn nan men se pi bon fason pou anpeche maladi propaje paske se fason sa chèn transmisyon an kapab koupe, ke se swa nan kontak moun-a-moun osinon kontak objè ak moun.
Enfeksyon kapab lakòz konplikasyon grav sou sante pasyan ki gen maladi kansè yo lè yo sou tretman aktif.
Lave men anpeche nou atrape maladi tankou :
• Dyare
• Kolera
• Twoub dijestif
• Lafyèv tifoyid
• Parazit nan vant(vè)

Pwodwi pou lave men
Kalite pwodwi yo pral itilize yo depann de moman ak ijans ki genyen pou lave men yo:
- savon likid
- jèl idwoalkolik
Lave men ak jèl gen menm endikasyon ak lave men ak savon òdinè, men li pi bon pou nou mwens itilize jèl alkòl e itilize li sèlman lè men yo te deja pwòp. Si sa posib, li pi bon pou lave men ou avèk savon òdinè, konsa lap pi efikas pou tiye mikwòb yo.
Si men ou te an kontak ak tras nan materyèl òganik (manje, sekresyon, pipi oswa poupou), li rekòmande ke ou toujou lave men ou avèk savon ak dlo.
Pwosesis
Lave men ak savon likid
Materyèl
- Dlo
- Savon likid
- Sèvyèt jetab oswa sèvyèt pwòp
Etap yo
- Retire bijou an ak mont yo. Woule manch rad ou anwo koud menw.
- Louvri tiyo a ak menw.
- Mouye menw ak avanbraw ak anpil dlo.
- Savonen men yo ak avanbra yo (depreferans jiska koud yo) jiskaske yo kimen
- Fwote men yo rive jouk nan avan bra yo pandan wap fè yon mouvman wotasyon.
- Fwote men ou, dwèt yo ansanm ak espas ki genyen ant dwèt yo pou 15 segonn.
- Rense men ak avanbra yo pandan wap vide dlo a soti nan pwent dwèt ou rive nan koud ou.
- Siye men ou an premye apresa avanbra yo, tout pandan wap eseye pou pa seche pati ki te deja seche yo (konsidere ke pati ki pi pwòp yo se dwèt yo ak men yo, e a mezi ke nap apwoche koud yo zón sa yo konsidere kòm pi sal ; Se poutèt sa, nou pa ta dwe repase sèvyèt la sou men nou yon fwa nou fin seche avanbra yo).
- Fèmen wobinè a avèk sèvyèt ou te siye menw lan.
- Jete sèvyèt jetab la nan fatra a, si w ap itilize yon sèvyèt twal, tann li tou dwat epi eseye lave li detanzantan.
Itilizasyon jèl idwoalkolik
Materyèl
- Jèl idwoalkolik
Etap yo
- Retire bijou ak mont yo
- Woule manch rad ou rive jis nan koud braw.
- Aplike yon sèl kouch jèl epi fwote sou tou de men yo ak ponyèt yo
- Rete tann pou jèl alkòl la fin evapore
- Apre chak 4 aplikasyon ak jèl idwoalkolik, lave, men yo avèk savon.
Kilè pou nou lave men nou?
Nan kay la ak aktivite nan lavi chak jou
-
Anvan ak aprè nou prepare manje
-
Anvan ak apre nou finn manyen timoun nan.
-
Anvan ou fè pwosedi tankou prepare ak bay pitit ou medikaman
-
Lè men yo sal oswa kontamine ak sekresyon oswa likid kò a (vomisman, nen kap koule, pipi, poupou, san)
-
Aprè ou fin mouche nen ou, ou touse, etènye, ou manyen nen ou
-
Aprèw fin itilize twalèt
-
Aprè ou fin jete fatra
-
Anvan ou manje
-
Nenpòt moun kap antre nan kay la (timoun, fanmi, vizitè)
Nan lopital la
- Lè wap antre epi sòti nan chanm timoun nan
- Anvan ak aprè ou te an kontak ak objè nan vwazinaj pwòch timoun nan
- Anvan ak aprè ou te akonpaye timoun nan pandan ke te gen posiblite pou an kontak ak likid kò a tankou vomisman, pipi, poupou, senyen
- Anvan ak aprè ou te an kontak ak timoun nan pandan aktivite tankou netwaye, jwe ak manje.