trÈTMAN

Chimyoterapi

Medikaman chimyoterapi se  medikaman ki ede rete move kwasans selil kansè yo.

Tou depan de dyagnostik la, gen timè ki bezwen trete sèlman avèk chimyoterapi. Lòt moun ka bezwen chimyoterapi pou redwi gwosè timè a, lè yo pa ka retire li nèt akòz li twò gwo oswa paske li yon kote yo pa kapab retire li sa ka lakòz li rete ak sekèl.

Medikaman sa yo gen non diferan epi yo ka bay yo nan diferan fason tankou:

Nan venn: Yo bay medikaman ki  prepare nan sachè espesyal ak sewòm nan famasi lopital kote Sant PINDA yo ye oswa yon laboratwa ki otorize pou prepare chimyoterapi.

Yo ka bay li nan sa yo rele klinik ekstèn (timoun nan ale nan lopital la pandan jounen an, yo ba li chimyoterapi epi li ale lakay li ) oswa yo kapab entène li  lopital (timoun nan entène nan lopital lan pou li pran chimyoterapi). Enfimyè a konekte sak medikaman an nan katetè venn santral la.

Nan bouch, vwa oral: Yo dwe bay chimyoterapi yo nan bouch. Si timoun nan pa ka resevwa li nan bouch , li ka bay nan tib nasogastrik (Tib ki pase nan twou nen an ) oswa gastwotomi ( sak ki nan estomak li an) .

Anba po a, vwa soukitane: Yo ka bay chimyoterapi nan tisi grès ki anba po a ki rele tisi soukitane. Pou sa, li pral pran yon tipiki anwo bra a,oswa po vant oswa po kwis la.

 Annda atè yo, entraateryèl: Yo itilize pou kèk kansè.Yo bay medikaman an nan yon atè,sa ki pèmèt medikaman an rive nan ògan nou vle trete a.

 Piki nan do, entratekal: Se lè yo bay medikaman chimyoterapi nan likid ki nan sèvo a (likid serebro espinal) , ki se yon likid ki kouvri sèvo a ak mwèl epinyè a . Se yon fason nan administrasyon chimyoterapi yo itilize anpil nan tretman pou lesemi ak lenfom. Wòl li, se trete oswa anpeche selil kansè yo ale nan tèt timoun nan oswa sa yo rele sistèm nève santral lan.

Pou bay medikaman chimyoterapi entratekal, yo fè yon bagay ki rele ponksyon lonbè, yo pwal andòmi timoun nan , pou sa timoun  nan pa sipoze manje , lestomak li sipoze rete vid pandan yon  bon tikou tan. Se doktè  ak enfimyè nan sant ou an ki pwal preskri li .

Nan ponksyon lonbè a , se yon zegwi espesyal ke yo foure nan zo do a, li rive jouk nan zòn kote likid lan ye a .

Yo pran yon tikras likid sa a (echantiyon likid ) pou teste nan laboratwa pou selil kansè, epi yo bay chimyoterapi.

Li trè enpòtan ke apre pwosedi sa a , timoun nan oswa adolesan rete kouche ak tèt la nan menm nivo ak kò a, pou evite tèt fè mal epi pou fè  medikaman an rive pi fasil nan tèt la.

Li ka manje lè li reprann konsyans epi lè  doktè  oswa enfimyè bay lòd pou manje .

Radyoterapi

Se lè yo bay radyasyon iyonize pou anpeche  kwasans selil ki pa  bon epi  ki san kontwòl yo.

Radyasyon elektwomayetik yo, rele   «reyon x» oswa «reyon gamma» tou de reyon sa yo, se sa yo rele  «foton».

Efè li fèt pa transfè  enèji sou fòm ond mayetik oswa patikil sa ki fè yon aksyon chimik ke yo rele ‘’iyonizasyon’’ , efè prensipal li se kraze materyèl jenetik selil yo ki se AND, sa ki kanpe miltiplikasyon selil yo epi sa lakòz lanmò selil sa yo.

Sansibilite a oswa repons a radyasyon diferan nan tisi diferan, si yo an sante oswa timè. Diferans lan nan repons tisi nan radyasyon jenere yon fenèt ki ka geri ou ki pèmèt tisi timè yo dwe retire, kidonk minimize domaj nan tisi ki an sante.

Pwogrè teknolojik te fè li posib pou jwenn radyasyon ak depo enèji, jisteman nan kabann timè a

Sansiblite a oswa repons a radyasyon an diferan nan tisi yo, kèlkeswa tisi a pa gen anyen oswa li gen kansè. Diferans lan nan repons tisi nan ka radyasyon an bay say o rele yon fenèt terapetik ki pèmèt li tiye tisi ki gen  timè epi redwui oswa minimize domaj nan tisi ki pa gen anyen yo .

Pwogrè teknolojik te fè li posib pou jwenn radyasyon an epi mete enèji sa kote kansè a ye ( nan kabann timè a).

Kilè yo bay radyoterapi

  • Radyoterapi yo itilize li kòm tretman pou geri yon timè ki lokal sa vle di ki poko gaye ,ki rete yon sèl kote.
  • Yo kapab itilize li tou kòm tretman anvan ak aprè operasyon , menm jan yo fè pou chimyoterapi a.
  • Anplis de sa, nan kèk ka yo itilize li ansanm ak chimyoterapi, sa pèmèt yo sansibilize selil timè a sa ki fè li detwui pi vit.
  • Radyoterapi yo itilize nan swen palyatif pou soulaje doulè ak lòt sitiyasyon tankou kwasans yon mas timè ki ka afekte kalite lavi timoun nan .
  • Finalman, radyoterapi tou gen yon wòl nan tretman kèk timè ki pa kansè (Timè benin). 

Terapi radyasyon ka aplike nan diferan fason. Sa yo pi itilize a rele teleterapi, ki enplike nan aplike radyasyon  nan deyò kò timoun nan, nan yon machin ki pwodui radyasyon an.

Chiriji

Entèvansyon chirijikal nan kansè

  • Biyopsi: pwosedi chirijikal pou jwenn materyèl tisi timè ki pèmèt yo jwenn bon non maladi kansè a, li pèmèt ke nou genyen dyagnostik kansè a . Gen lòt kalite byopsi ki ta dwe defini jouk ki kote  kansè a rive tankou byopsi mwèl zo a.
  • Timorektomi: Se operasyon oswa entèvansyon ki pèmèt yo retire timè a . Moman yo chwazi pou fè operasyon an, se lè gen posibilite  pou retire tout timè a san kite okenn rès. Pou rezon sa a , operasyon an dwe fèt nan moman dyagnostik la oswa aprè yo fin bay chimyoterapi yo nan lòd yo retire tout timè a san yo pa kite rès ladann . Yo sipoze cheche konen si timè a pa tache ak lòt bagay (estrikti nan kò moun ) sa ki kapab anpeche zòn lan fonksyone  ( egzanp, si li tache nan blad pipi a (vesi), evite konplikasyon. Si sa a te opsyon, nou ta dwe diminye gwosè timè a anvan operasyon an lè sa a timoun nan ap resevwa chimyoterapi.
  • Enstalasyon katetè venn santral (KVS): Se Doktè chirijyen an ki fè operasyon sa a. Lè sa se KVS yo itilize pou bay medikaman. Men yo kapab mete KVS la tou pou yon ti tan, lè sa a se Doktè nan swen entansif ki mete li.

Ki lè pou fè operasyon pou retire timè

  • Si timè a piti epi li ka retire nèt, lè sa doktè chirijyen an pral fè operasyon pou retire tout timè a anvan yo kòmanse tretman an.
  • Si timè a, akòz kote li ye nan kò a, pa ka retire an premye, lè sa yo dwe bay chimyoterapi. Yo fè sa pou evite yo pa fè dega nan ògàn ki antoure timè sa ki ka anpeche bon fonksyon ògan sa yo, yo dwe fè timè an vini pi piti. Konsa yo ka aplike pwotokòl chimyoterapi ak radyoterapi si sa nesesè epi apre yo fè operasyon an.
  • Lè yo retire timè pandan operasyon an, yo voye li nan yon laboratwa patoloji pou yo wè si li gen maladi ki toujou aktif oswa ki pa aktif ankò konsa yap konen si yap kontinye ak chimyoterapi a.
Transplantasyon/Grèf

Transplantasyon selil ematopoyetik (HPT) oswa souvan yo rele transplantasyon mwèl zo se lè yo ranplase pwojenitè ematopoyetik (manman mwèl zo a) oswa selil souch malad la ak selil souch ki bon oswa ki an sante sa vle di ki pa malad, sa yo ka jwenn nan yon lòt mwèl zo, nan lonbrik oswa nan san.

Tretman sa a itilize pou trete kèk kalite kansè ak lòt maladi tankou iminodefisyans. Nan anpil ka, sa a se sèl tretman ki gen yen pou kèk moun. 

Nou ka di transplantasyon/grèf se lè yo bay nan venn yon kantite selil souch oswa pwojenitè ematopoyetik (menm jan ak yon transfizyon san) ki, apre kèk semèn, yo kapab bay yon mwèl zo ki an sante ki pa malad ankò.

Tretman sa a fèt nan   lopital Calvo Mackena, kote nou jwenn bon jan pwofesyonèl espesyalis yo ak teknoloji ki nesesè pou trete timoun ki bezwen transplantasyon/grèf.